Cet article est une adaptation du vidéo instructif ci-dessus qui vise à aider les membres de la communauté haïtienne de comprendre ce que c’est une déposition juridique.
Cet information ne constitue pas conseil légal. Je ne suis pas avocat. Si vous avez besoin de ce genre d’avis pour un cas en particulier, s’il-vous-plaît, cherchez-en chez un avocat qualifié.
Enfòmasyon ki nan atik sa, se pa konsèy legal. Mwen pa yon avoka. Si w bezwen konsèy pou yon ka an patikilye, tanpri chèche sa nan men yon avoka. Mèsi!

Ki sa yon depozisyon ye ?

Petèt w ap poze kesyon sa paske w te resevwa yon lèt ki mande pou w vin patisipe nan youn. Nan atik sa a, nou pral wè :

  • Ki objèktif yon depozisyon ?
  • Ki jan yon depozisyon fèt ?
  • Epi, Ki sa ou kapab fè pou prepare anvan yon depozisyon ?

Ki objèktif yon depozisyon ?

Toudabò, n ap bay yon ti konteks. Nan yon pwosè legal, tout patisipan, sa vle toulede pati prenan gen dwa pou yon fè yon ankèt pou yo envèstige tout detay ki ka aplikab nan ka a. Faz sa a rele Discovery ki vle di « dekouvèt » oubyen « twouvay » ann anglè. An franse, yo pale de communication préalable oubyen communication des documents. E vreman pandan faz sa, les pati prenan gen dwa pou yo gen aksè ak tout enfòmasyon ki vin devwale a. Se sou baz fè ki dekouvri pandan faz sa a avoka yo pral monte agiman yo, yo pral eseye konprann strateji youn lòt epi yo pral wè ki jan yo ka reponn ak kesyon lòt pati a soulve.

Gendelè tou, pandan faz sa, pati yo ka fè yon akò oubyen yon rezolisyon, san yo pa bezwen fè yon jijman. Yon depozisyon se youn nan zouti yo itilize pou yo jwenn enfòmasyon sa a.

Ki jan yon depozisyon fèt ?

Depozisyon an se yon deklarasyon sèmante kote yon avoka poze yon temwen yon seri kesyon. Se pa nan tribinal la sa fèt. Yo kapab fè li nan kabine d’avoka oubyen nan biwo grefye. Pafwa tou yo fè li a distans : swa pa telefòn, swa ak videyokonferans (tankou Zoom).

Nan yon depozisyon, jeneralman moun ki prezan se: temwen an, avoka temwen an, avoka pa lòt pati a, avèk yon grefye. Kapab gen lòt moun ki la, tankou entèprèt pa egzanp, men jeneralman yo vle limite kantite moun ki prezan. Pou kòmanse grefye a pral fè temwen an sèmante pou l bay laverite. Epi si gen yon entèprèt, li pral sèmante pou l fè tout sa l kapab pou l bay yon entèpretasyon fidèl. Apre sa youn nan avoka yo ap prezante tèt li epi kòmanse poze kesyon, temwen an ap reponn kesyon yo epi grefye a tire pwosèvèbal la. Sa vle di li tape tout pawòl ki di nan depozisyon an, konsa kapab gen yon achiv ekri ak kesyon, repons ak objeksyon ki te bay.

Apre premye avoka fin poze kesyon pa l, lòt la ap gen yon chans pou li poze kèk kesyon si l panse gen bagay li bezwen klarifye. Yon avoka kapab bay yon objeksyon, si li panse gen yon pwoblèm ak yon kesyon lòt la poze. Men piske pa gen jij pou deside objekson an la, jeneralman temwen an gen pou l reponn kanmenm, toutotan kesyon an pa mande enfòmasyon konfidansyèl. Jij la ap ka wè objeksyon yo nan achiv la epi yo ka jwe yon wòl enpòtan pi devan, pandan jijman an.

Ki sa ou kapab fè pou prepare w anvan yon depozisyon ?

Li konvokasyon ou te jwenn nan byen epi asire ou vini ak tout dokiman yo mande. Sa ka gen ladan l : idantifikasyon ak dokiman ki pètinan. Byen pwograme lè randevou a, konsa ou ka asireou pa anreta. Chak tan ki pase, se anpil kòb ki gaspiye. Dayè, se pou w kenbe bon kominikasyon ak avoka w. Se li menm ki konn sikonstans ka w, donk se li menm ki ka ba w konsèy presi. Men an jeneral, gen kèk bagay ou dwe kenbe nan lespri w:

  • Toujou reponn yon fason ki onèt e ki klè
  • Pa janm devine oubyen bay yon repons ou pa fin twò konnen.
  • Chak kesyon ou tande, reflechi anvan w reponn epi rete egzakteman sou sa l mande
  • Si se yon kesyon fèmen (kote repons la se « wi » oubyen « non » tousenpleman) rete ak « wi » oubyen « non », sa.
  • Sonje, kesyon yo poze se pa pou yo fè w wont, ni se pa paske yo mechan (jeneralman). Se kesyon yo oblije poze paske yo panse sa kapab pètinan. Djòb yo, se fè kèt zoban.

Dènye Mo

Donk, se sa. Afè jiridik kapab bay kè sote, vreman. Men m swete atik sa ede w konprann ki sa yon depozisyon ye pi byen. Si w bezwen yon entèprèt pou yon randevou ou genyen oubyen yon tradiktè pou dokiman ou te resevwa, n ap byen kontan ede w. Kontakte nou pou w aprann plis!