Depi lane 2020, gen anpil moun ki kòmanse pale de yon aplikasyon ki rele Zoom. Zoom se yon aplikasyon ki pèmèt moun fè videyo konferans, oswa videyo apèl ak plizyè moun alafwa. Gen kèk lòt aplikasyon ki sanble avè l nan fonksyonalite yo, men sejousi, se Zoom pifò moun ap itilize lè yon bezwen fè reyinyon a distans. Petèt ou poko itilize li. Petèt ou pa vreman konnen ki jan pou w itilize li. Nan atik sa nou pral wè :

  • Ki jan ou ka konekte avèk yon reyinyon Zoom, epi
  • Ki preparasyon ou ka fè pou reyinyon an byen sòti.

Nan fen atik a, n ap wè ki jan li posib pou ou patisipe nan yon reyinyon pa apèl telefònik, si ou pa gen entènèt oubyen si w pa gen aplikasyon Zoom nan.

Ki jan ou ka branche ak yon reyinyon Zoom ?

Pou kòmanse, w ap gen pou ou telechaje aplikasyon Zoom nan, si w poko fè sa. Kounye a, gen plizyè fason ou kapab antre nan yon reyinyon. W ap bezwen enfòmasyon ki parèt nan envitasyon ou te resevwa. Men li. Nan envitasyon an, w ap wè: Meeting ID ki vle di « nimewo idantifikasyon pou reyinyon an », Passcode, « modpas la » ak yon lyen direk.

Metòd ki pi fasil la, se lè w annik peze lyen an, epi li pral mennen w direkteman nan reyinyon an. Yon lòt fason ou ka antre se lè w ouvri aplikasyon Zoom nan, epi ou antre Meeting ID a ak modpas la. Lèfini ou peze Join Meeting ki vle di « rantre nan reyinyon an ».

Selon paramèt mèt reyinyon an chwazi, ou gendwa antre lapoula oubyen yo gendwa mete w nan yon sal datant, kote mèt reyinyon an kapab chwazi kite w antre. Apre w fin antre, w ap wè yon mesaj ki envite w Join Audio (sa vle di « branche son/odyo »). Sa vreman enpòtan, paske toutotan ou pa branche son an, ou pap kapab tande moun yo, e yo menm yo pap ka tande w nonplis.

Navige sou Ekran an

Kounye a ou branche son an, ou sipoze tande vwa moun k ap pale. Si w poko tande yo, men ou wè bouch yo k ap bat, asire volim aparey ou monte. Kounye a pou patisipe nan reyinyon, gen de senbòl k ap monte sou ekran w. Youn se imaj yon mikwofòn. Lè w bezwen pale, wz ap peze bouton an pou ouvri mikwo a. Si ou gen yon bri kote ou ye, yo ka mande w pou w refèmen mikwo a, konsa bri a pa deranje lòt moun yo. Sonje : si imaj mikwo a gen yon ba wouj k ap bare li, sa vle di mikwo a fèmen.

Dezyèm imaj ou wè se kamera. Se avèk li ou kontwole si moun yo ka wè videyo ou. Si ou bezwen parèt, asire ba wouj la pa la, konsa moun yo ap ka wè ou.

Apre detwa segonn, imaj mikwo a ak imaj kamera a disparèt. Si ou bezwen yo ankò, annik tape sou ekran an, epi w ap wè yo parèt.

Dènye bagay pou ou konnen, se ki jan ou kapab wè lòt moun ki nan reyinyon an. Telefòn nan ka afiche jiske 4 moun sou ekran alafwa. Si gen lòt moun ki prezan, ou ka wè yo kan ou glise dwèt ou de dwat a goch pou chanje paj Zoom. Si ou bezwen retounen nan paj ou te ye a, ou ka glise dwèt ou de goch a dwat.

Ki jan ou ka prepare pou yon reyinyon?

Youn nan bagay ki pi enpòtan nan preparasyon w ap fè pou yon videyo konferans, se pozisyònman. Chwazi yon kote ki kal ki pa gen anpil bri, konsa ou ka evite distraksyon. Petèt ou ka fè lòt moun ki avè w yo konnen sa w ap fè. Konsa y ap ka evite deranje ou. Yo ka menm ede w ranje tout bagay.

Chwazi yon kote w ap ka chita epi w ap konfòtab pou kantite tan reyinyon an mande. Si se kenbe w ap kenbe telefòn nan, chak ti mouvman ou fè, kamera ap plede deplase. Sa ka fè l difisil pou lòt moun yo konsantre. Epitou, si reyinyon an dire yon bon ti tan, ou ka kòmanse bouke kenbe telefòn nan. Se poutèt, li pi bon si ou ka poze telefòn nan yon kote, epi chita anfas li. Jan w poze l la, asire ou toujou parèt byen epi telefòn nan pap tonbe.

Anvan ou antre nan reyinyon an, asire volim nan monte, siyal la bon epi telefòn gen chaj.

E si m pa ka konekte ak aplikasyon an ?

Si ou pa gen entènèt, oubyen ou pa gen aplikasyon Zoom nan, ou kapab antre nan yon reyinyon Zoom pa apèl telefonik.

Pou fè sa, ou bezwen rele nimewo ki apwopriye pou zòn ou rete a. W ap tande yon mesaj ki mande w konpoze Meeting ID a, sa se nimewo idantifikasyon pou reyinyon an ak jèz la. Apre sa l ap mande Passcode lan ak jèz. Apresa, l ap kite w antre. Pou ouvri mikwo a, ou ka peze *6 epi se menm sa si w bezwen fèmen li. Si w bezwen leve men ou, w ap peze *9.

Byen antanndi, gen plis detay sou ki jan Zoom fonksyone. Pa egzanp:

  • Ki jan ou ka resevwa moun nan yon reyinyon?
  • Ki jan ou ka pataje ekran w? Ak lòt bagay toujou.

Men, sa nou te gade jodi a, se prensip de baz pou asiste yon reyinyon Zoom. Kounye a, ou prepare pou pwochenn fwa yon moun envite w patisipe. E si ou bezwen yon entèprèt pou randevou a, pa ezite kontakte nou, n ap byen kontan ede w.